Harvard Teaching Hospital logo

Operasyon pou Pèdi Pwa

Sit entènèt la pral vin talè

Chirijyen Nou Yo
Photo of Dr. Siva Vithiananthan
Dtè. Siva Vithiananthan

Dtè. Siva Vithiananthan se Chèf Ciriji nan CHA. Anvan li te vin jwenn nou an 2021, Dtè. Vithiananthan te nan tèt yon kabinè medikal ki te gen anpil pasyan epi ki te sèvi ak yon apwòch wobotik ki prèske pa antre andedan kò a pou maladi vant a trip, èni konplèks ak operasyon pou pèdi pwa ak kontwole metabolis nan Providence, RI. Li te Chèf Operasyon pou Pèdi Pwa ak Operasyon San Prèske Pa Antre nan Kò a nan Miriam Hospital epi li te direktè medikal Sant pou Operasyon pou Pèdi Pwa a (Center for Bariatric Surgery) nan lopital Miriam ak Rhode Island yo. Epitou li te Pwofesè Operasyon nan Lekòl Medsin Warren Alpert la nan Brown University.

Pandan dis lane ki sot pase yo, Dtè. Vithiananthan fè rehèch sou kisa nan lasosyete ki detèmine lasante ak sou ki efè metabolik ak fizyolojik sa genyen lè ou fè operasyon pou pèdi pwa. Li mete tèt ansanm avèk sektè aparèy la pou travay sou nouvo teknoloji chirijikal pou tretman twòp gwosè epi li se youn nan otè plizyè brevè ki se rezilta kolaborasyon sa a. Li se manm komite redaksyon "Journal of Surgery of Obesity and Related Diseases" (Jounal Operasyon pou Twòp Gwosè ak Maladi ki Gen pou Wè ak Sa yo ) tou epi li kontribye kòm revizè pou "Surgical Endoscopy and Obesity Surgery" (Andoskopi Chirijikal ak Operasyon poutèt Twòp Pwa).

Dtè. Vithiananthan gen repitasyon entènasyonal pou ekselans epi yo envite li pou fòme chirijyen toupatou nan lemond nan teknik operasyon san prèske pa antre nan kò a - sa gen ladan l nan peyi Lachin, Sri Lanka ak Ongri. Sosyete chirijikal yo, doktè parèy li yo, rezidan yo ak etidyan yo rekonèt li tou kòm yon pwofesè remakab.

Dtè. Vithiananthan gen sètifika espesyalis nan chiriji jeneral ak nan swen chirijikal pou maladi ki nan faz kritik epi li te resevwa fòmasyon nan kad yon bous pou rechèch nan chiriji lapawoskopik avanse ak nan swen chirijikal pou maladi ki nan faz kritik. Li gen yon diplòm Lekòl pou Doktè ak Chirijyen an (College of Physicians and Surgeons) nan Columbia University epi li te fè rezidans li nan Baystate Medical Center nan Springfield, MA. Li te resevwa fòmasyon nan kad yon bous pou rechèch tou nan New York Presbyterian Hospital ak nan University of Connecticut School of Medicine/Hartford Hospital.

Affiliated with:
Teaching hospital of:
Close