Home | About | Contacts| News | Quick Links | Search

 
       

Harvard Medical School Teaching Affiliate

For Patients For Providers Academics Careers Services Locations How to Give  

 

Kreyòl Ayisyen

Peye Pou Swen Sante

Kóman pou Jwenn yon Doktè

Pami Sèvis Nou Bay yo ou Jwenn

Lòt Resous

Règleman Sou afè Kon fidansyalite (HIPAA)

Network Health

Enfòmasyon enpòtan ki ka ede w kite fimen

Konseye Volontè sou Lasante


 
 
 

 

Byenveni nan Pwogram Tretman Tabak "Kite pou Lavi (Quit for Life)"- Cambridge Health Alliance la.

Kite fimen se youn nan bagay ki pi enpòtan ou ka fè pou lasante w. Pifò moun ki kite viv pi lontan epi yo santi yo an pi bòn sante, menm si yo te konn fimen pandan plizyè lane.

Men si w te eseye kite fimen ou konnen kijan sa ka difisil. Li fasil pou w ka dekouraje, men pa lage - Gen mwayen yo deja fè ekperyans ak yo pou moun reyisi kite fimen; tout sa w bezwen se èd.

Paj sa ofwi sipò ak zouti pou fimè yo ak fanmi yo ak zanmi yo pou ede yo kite fimen epi pou pa rekòmanse ankò. Si w gen lòt keksyon sou zafè fimen ak sou lasante w, tanpri pale ak moun kap ba w swen lasante a.

Pwogram tretman tabak "Kite pou Lavi" CHA a pa an mezi pou ofwi sèvis pou kite fimen kounye a. Gen anpil lòt pwogram ki pa chè epi k fasil pou itilize nan zòn Boston an ki ka ede w vin yon moun ki pa fimen pou lavi. Tanpri li pou w aprann plis sou èd pou fimè yo ki vle kite fimen.

Kijan pwogram tretman yo ka ede w kite epi pou pa rekòmanse ankò

  • Pwogram Tretman Tabak Kite pou Lavi
  • Liy telefòn pou kite fimen
  • Sèvis Kite Fimen MGH la

Reyalite rapid-rapid sou benefis kite fimen

Konsèy pou fanmi ak zanmi yon fimè

Lòt Resous yo

Kijan pwogram tretman yo ka ede w kite epi pou pa rekòmanse ankò:

Ou konnen chak sigarèt ou fimen andomaje lasante w. Malerezman, se pa bon sèlman sigarèt pa bon pou ou, men w vin depann de sigarèt. Se poutèt sa ou te echwe lè te eseye kite fimen an. Li fasil pou w santi l enposib pou w kite, espesyalman si w pat ka kite lè w te eseye deja a.

Men gen espwa. Etid yo montre, si w se yon fimè, ou gen pi bon chans pou w kite pou bon lè w itilize plizyè bagay ansanm pou ede w, tankou pran konsèy nan men pwofesyonèl, terapi ak remèd.

Nan pwogram tretman pou fimen, konseye k antrene ap gide w nan chap etap nan pwosesis pou w kite a. Yap ede w kite nan ba w sipò, remèd ak terapi pou ede w redwi anvi w genyen pou w fimen.

Klike anba a pou detay sou twa pwogram tretman nan zòn Boston an ki ka ede w kite epi pou w pa rekòmanse ankò:

  • Pwogram Tretman Tabak Kite pou Lavi
  • Liy telefòn pou kite fimen
  • Sèvis Kite Fimen MGH la

Fè ti keksyon-repons sa pou w konprann pouki sa w fimen

Pran kèk ti konsèy pou ka fè fas ak kite fimen an

Pwogram Tretman Tabak "Kite pou Lavi " Cambridge Health Alliance la:

Se Depatman Sèvis Kominotè kap dirije pwogram "Kite pou Lavi" CHA a. Pwogram nan pa an mezi pou ofwi konsèy pwofesyonèl pou kite fimen kounye a, men gen anpil lòt pwogram ki bonjan kalite epi k pa chè nan zòn Boston an ki ka ede w vin yon moun ki pa fimen pou lavi. Tanpri klike lyen k anwo yo oubyen kontinye li pou w ka konn plis sou pwogram sa yo.

Liy telefòn pou kite fimen

Quitline:

Liy telefòn pou kite fimen se yon sèvis gratis pou kite fimen Depatman Lasante Piblik Massachusetts

Swa wap panse pou w kite, swa w pare pou w eseye kite, oubyen w gentan kite epi w vle rete konsa, liy telefòn pou w kite fimen an ka ede w. Liy telefòn pou kite fimen an ofwi:

  • Revizyon abitid fimen w, fwa w konn eseye kite yo, sak deklanche anvi fimen w ak sistèm sipò pou fè yon plan k bon pou ou.
  • Seyans konsèy pwofesyonèl nan telefòn pou ede w kite ak sipòte w nan pwemye semèn yo.
  • Sit entènèt entèaktif (www.trytostop.org) pou ede w fè pwòp plan pa w pou kite, swiv jan sa ap mache pou ou ak selebre gwo etap yo nan chemen an.
  • Referans pou pwogram tretman tabak nan zòn ou an ki ofwi gwoup sipò ak konsèy pwofesyonèl endividyèl.
  • Ti liv ak feyè pou ede w kite
  • Apèl telefòn pou swiv ou ak konnen koman w ye ak ofwi plis sipò si w bezwen sa.

Tout liy telefòn pou kite fimen yo gratis. Operatè liy telefòn pou kite fimen yo pale Anglè ak Panyòl, epi gen sèvis tradiksyon ki disponib pou lòt lang yo.


Pare pou w kite? Vizite www.trytostop.org oubyen rele liy telefòn pou kite fimen an jodi a:

Anglè ak tout lòt lang yo: 1-800-TRY-TO-STOP (1-800-879-8678)

Panyòl ak Pòtigè: 1-800-8-DEJALO (1-800-833-5256) Moun soud: 1-800-TDD-1477 (1-800-833-1477)
(lendi - jedi 9:00am- 7:00pm, vandredi 9:00am-5:00pm)

Ou ka mande doktè w la tou yon referans, epi liy telefòn pou kite fimen an ap rele w.

Klike la pou w jwen yon ti feyè ou ka enprime epi kenbe l avè w

Pou ti konsèy an Anglè pou w kite fimen, rele liy kap bay ti konsèy pou kite a 24 trè pa jou nan
1-800-9-GETATIP (1-800-943-8284).

Sèvis Kite Fimen MGH la:

Sèvis Kite Fimen MGH la ofwi sèvis tretman tabak ki pa koute chè epi ki gen bonjan kalite kap ede w kite ak pa rekomanse ankò.

Si w se yon fimè ki pare pou w kite, Sèvis Kite Fimen MGH la ofwi :

  • Èd pou w kreye yon plan pou w kite kap bon pou ou.
  • Sèt reyinyon an gwoup kap dire inèdtan avèk 7 a 9 lòt fimè yon konseye antrene ap dirije.
  • Patch ak chiklèt nikotin ki pa koute chè pou moun ki nan pwogram konsèy pwofesyonèl la ( avèk konsantman moun kap ba w swen lasante a).

Referans pou pwogram tretman ak edikasyon kominotè nan Charlestown, Everett, Chelsea ak Revere.

Gen nouvo gwoup ki kòmanse chak mwa. Seyans yo fèt bonè nan aswè (5:30-6:30 pm) oubyen nan mitan apremidi (2:00-3:00 pm). Gwoup yo rankontre nan Gwo Lokal MGH ki Boston an. Ou ka al ladan l byen fasil nan tren, bis oubyen vwati.

Se an Anglè yo fè tout pwogram Sèvis Kite Fimen MGH yo. Lajan pou moun yo peye a ap varye ak kantite lajan yo touche.

Pare pou w kite? Rele 617-726-7443 pou w enskri nan Sèvis Kite Fimen MGH la (li ouvri lendi a vandredi depi 8am jiska 5 pm), oubyen voye yon lèt elektwonik bay quitsmoking@partners.org.

Klike la pou w jwen yon ti feyè ou ka enprime epi kenbe l avè w

Pou plis enfòmasyon, vizite http://www.massgeneral.org/tts oubyen rele 617-726-7443.

Reyalite rapid-rapid sou benefis kite fimen:
Lè w kite fimen, kò w vin pi an bòn sante apre kèk minit, epi benefis yo ap dire pou tout lavi:

  • 20 minit apre w kite, tansyon w bese. Tanperati nan men w ak nan pye w ogmante.
  • 8 tèdtan apre w kite, kabòn monoksid ( yon gaz ki ka fè moun mouri toufe) nan san w desann nan nivo nòmal.
  • 24 trèdtan apre w kite, chans pou w fè atak kè bese.
  • 2 jou apre w kite, ou ka pran gou ak santi bagay pi byen.
  • 2 semèn a 3 mwa apre w kite, ou gen pi bon sikilasyon. Poumon w yo kòmanse travay pi byen.
  • 1 a 9 mwa apre w kite, tous, nen (sinis) bouche, fatig, ak souf anlè ap bese. Poumon w yo vin an pi bòn sante, sa kap diminye risk pou w fè enfeksyon nan poumon.
  • 1 lane apre w kite, risk pou w fè atak kè se mwatye risk pa yon fimè.
  • 5 kan apre w kite, risk pou w fè yon stwok (san gaye nan sèvo) menn jan ak risk pa yon moun ki pat janm konn fimen.
  • 10 zan apre w kite, risk pou w mouri akoz kansè nan poumon se mwatye risk pa yon fimè. Risk pou w fè kansè nan bouch, gòj, lezofaj, blad pipi, ren, ak pankreyas diminye tou.
  • 15 zan apre w kite, risk pou w fè maladi kè kounye a menn jan ak risk pa yon moun ki pat janm konn fimen.



Konsèy pou zanmi ak fanmi yon fimè:

  • Sipò sosyal trè enpòtan pou ede yon fimè kite fimen pou debon. Si wap eseye ede yon moun kite fimen, kenbe ti konsèy sa yo nan lespri w:
  • Respekte lide se moun kap kite ki an chaj. Se estil lavi l kap chanje epi se defi pa l, se pa lavi ak defi pa w.
  • Mande moun nan si l vle pou w rele l oubyen vizite l regilyèman pou w wè kijan sa ye pou li. Fè moun nan konnen li oke pou l rele w ki nenpòt lè li bezwen tande pawòl ankourajman.
  • Ede moun kap kite a jwenn sa l bezwen, tankou sirèt ki di pou l souse, chalimo pou l peze anba dan l, legim fre k koupe kòm ti repa, eksetera.
  • Pase tan ap fè aktivite ak moun kap kite a pou retire lespri l sou fimen - al nan sinema oubyen fè yon ti mache pou l ka pase sou yon moman anvi.
  • Ede moun kap kite a nan kèk travay lap fè, swen timoun, fè manje- kèlkeswa sa kap ede l ak presyon l santi paske lap kite a.
  • Selebre sou tout chemen an. Kite fimen se yon GWO BAGAY !
  • Pa kwè moun kap kite a gen kont avè w si l ap fè move jan lè lap retire nikotin nan sou li a. Sentòm yo ap pase nan apeprè 2 semèn.
  • Pa bay konsèy. Sèlman mande l kijan w ka ede l ak plan oubyen pwogran yap itilize a.

Lòt Resous: