Home | Search | Contact Us

 

Baz nou

Sèvis Medikal nou yo

Kòman pou Jwenn yon Doktè

Peye pou Swen Sante

Resous nan afè Sante

Règleman sou afè Konfidansyalite (HIPAA) (pdf)

 

 
 


Chwa Asirans Sante (Kesyon Ak Repons)

Ki kalite asirans sante yo pran nan Cambridge Health Alliance?
Majorite doktè Cambridge Health Alliance yo pran Mass Health ak Medicare ak tout gwo plan asirans sante yo, tankou Blue Cross, Tufts, ak Harvard Pilgrim. Si w gen dout, tanpri rele plan asirans ou a.


Contact Information:
1-877-637-2277

E si m pa gen asirans sante?
Si w pa gen asirans sante, li gen plizyè pwogram disponib ki ka ede w. Tou depan de kantite kòb ou fè, ou ka kalifye pou MassHealth, Network Health, oswa Health Safety Net (HSN). Anplwaye Asistans (Èd) Finansyè nou yo ka esplike w pwogram sa yo, ba w papye aplikasyon yo, epi ede w ranpli fòm yo.

Pou aplike pou MassHealth, premye etap la se ranpli yon fòm Demand pou Benefis MassHealth (MassHealth Benefits Request). Y ap chache konnen si w kalifye pou Mass Health, Commonwealth Care oswa Health Safety Net. Ou pa bezwen yon nimewo sekirite sosyal pou w aplike. Si w apwouve pou Mass Health, ou ka resevwa HSN pou kèk sèvis MassHealth pa kouvri.

Ki kote biwo Èd Finansyè yo ye?
Li gen yon biwo Èd Finansyè nan chak lokal lopital yo ak youn nan biwo Medford nou an. Tout 4 biwo nou yo ouvri soti Lendi pou rive Vandredi soti 9:00 AM pou rive 4:30 PM. Ou ka kontakte nou nan 877-637-2273. Nou pale Anglè, Panyòl, Pòtigè, Kreyòl Ayisyen ak Fransè.

  • Lokal Lopital Cambridge, 1493 Cambridge Street, Cambridge. Biwo a chita kò l nan antre Prensipal la akote Biwo Enfòmasyon an.
  • Lokal Lopital Somerville, 230 Highland Avenue, Somerville. Biwo a nan premye etaj la, akote Anrejistreman an (premye etaj).

  • Lokal Lopital Whidden, 193 Garland Street, Everett. Biwo a nan Etaj A akote espas Admisyon an.
  • Biwo pou Sansibilizasyon (Enfòmasyon) Kominote a, 101 Station Landing, Medford. Biwo a nan dezyèm etaj la.

Kisa Network Health la ye?
Network Health se yon plan sirans sante k ap grandi ki bay manm MassHealth ak Community Care yo asirans. MassHealth (pwogram Medicaid Massachusetts la) bay asirans a fanmi Massachusetts yo ki kalifye selon kantite kòb yo fè.

Network Health gen ladan li yon gwo rezo doktè, espesyalis, ak sant swen sante nan plizyè kominote Massachusetts. Kòm yon manm MassHealth ki nan plan asirans Network Health la, ou gen tout benefis MassHealth yo, plis lòt benefis ak sèvis.

Pou w konnen plis konsènan Network Health, rele 888-257-1985 oswa kontakte yo pa lèt elektwonik (email).

Kisa Health Safety Net la ye.
Health Safety Net se yon sèvis pou REZIDAN Massachusetts ki bezwen swen medikal men ki pa gen aksè a asirans sante oswa ki gen yon asirans ki pa kouvri yo nèt.

Kilès ki kalifye pou Health Safety Net?
Malad yo ki gen salè pou fanmi an ki pi piti pase 200% nivo povrete federal la. Klike la a pou enfòmasyon aktyèl sou salè yo. Si salè fanmi w nan ant 200% e 400% nivo povrete federal la, ou kalifye pou Partial Health Safety Net epi w ap responsab pou w genyen epi peye yon dediktib.

Kilès pou m kontakte si li gen yon fot nan fakti medikal mwen?
Si w gen kesyon konsènan fakti medikal ou oswa si w panse li gen yon fot, Depatman Sèvis pou Kliyan an ka ede. Ou ka rele oswa ou ka vini nan biwo a.

Ou ka resevwa 2 fakti separe apre w soti lopital la. Se paske kèk doktè ki wè w nan lopital la dwe voye fakti yo ba ou separeman. Depatman Sèvis pou Kliyan an ka ede w regle sa epi yo ka mande w pou rele yon lòt biwo pou kesyon ki gen rapò ak fakti doktè yo.

Anplwaye Sèvis pou Kliyan nou yo pale Anglè, Panyòl, ak Pòtigè. Si w pale yon lòt lang, n ap ba w yon entèprèt ki pap koute w pyès kòb. Yo ouvri soti Lendi pou rive Vandredi soti 9:00 AM pou rive 4:00 PM. Nimewo telefòn yo se 617-665-3200.