LÒT RESOUS NAN AFÈ SANTE
Entèprèt nan Plizyè Lang
Cambridge Health Alliance sèvi yonn nan popilasyon
pasyan Ozetazini ki pale plis lang epi ki sòti nan plis kilti
diferan. Plis ke mwatye nan pasyan nou yo pale yon lòt lang
prensipal lakay yo otke Anglè. Ase souvan nou itilize plis
ke 30 lang nan sistèm nou an, e nou rankontre plis ke 100
lang chak ane.
Pou ede konble diferans nan afè langaj ak kilti, Alliance
lan bay entèprèt pwofesyonèl, pwofesyonèl
pou tradiksyon ekri ak sèvis konsiltasyon kiltirèl.
Sèvis sa yo gen yon objektif doub - yo pèmèt
anplwaye yo byen kominike avèk pasyan, e yo pèmèt
pasyan yo jwenn swen sante nan lang yo vle.
Depatman Entèprèt la fè pati de taktik global
Alliance lan nan afè lang ak kilti tou, ki gen ladan l anplwaye
ki pale 2 lang epi ki konn 2 kilti, kou lang pou anplwaye yo ak
fòmasyon sou afè diferans.
Pou plis enfòmasyon sou sèvis entèprèt
la, telefòne 617-665-1426.
- Informações Adicionais
- Plis Enfòmasyon
- Más Información
Konseye Volontè nan afè Sante
Konseye Volontè nan afè Sante yo se manb kominote
a ki pale 2 lang epi ki konn 2 kilti ke Cambridge Health Alliance
f'òme pou anseye lòt moun bagay sou sante ak de sistèm
sante a.
Si ou abite oubyen ou vizite zòn Boston an, ou ka wè
Volontè nan afè Sante pandan prezantasyon an gwoup
sou edikasyon sante, ekzamen sante ak lòt pwogram nan legliz,
nan travay ak nan lòt kote. Konseye Volontè nan afè
Sante yo òganize epi fè kou sou afè fè
manje ki bon pou lasante, gwoup sipò pou moun ki fè
sik ak klinik sou vye grip ki bay lafyèv ak kò kraze
a.
Si ou gen yon kesyon, wap chèche enfòmasyon jeneral
sou pwogram ak sèvis sante, oubyen ou ta renmen patisipe
kòm yon volontè, telefòne liy Konseye Volontè
nan afè Sante a nan 617-591-6701.
Depi 2001, Konseye Volontè nan afè Sante yo:
- Ap travay avèk legliz ak òganizasyon kominotè
nan kominote Ayisyen, Brezilyen, Panyòl, Ameriken Nwa ak
Azyatik Disid .
- Te pran Prim Asosyasyon Nasyonal Lopital Piblik pou ane 2004
la paske yo ede manb kominote a jwenn sèvis sante.
- Te teste plis ke 8,100 moun pou sik, kolestewòl ak tansyon.
- Te ede plis ke 700 manb kominote a jwenn yon Doktè Regilye
oubyen asirans sante.
|