KÒMAN POU JWENN YON DOKTÈ
Cambridge Health Alliance gen anpil swen regilye ak anpil doktè
pou chwazi.
Si w bezwen plis enfòmasyon, rele
noun an 617-665-1305.
Si ou gen yon pwoblèm sante ki grav ki oblije ou wè
yon doktè touswit, silvouplè rele 9-1-1 oubyen al
nan yonn nan twa sal dijans nou yo ki nan Lopital Cambride la, Lopital
Somervillela oubyen Lopital Whidden Memorial.
Si ou bezwen jwenn yon doktè regilye oubyen yon espesyalis,
tcheke seksyon pou ka jwenn yon doktè a ki make Find-A-Provider
. Ou ka chèche pa non, espesyalite, vil, doktè fi
oubyen gason oubyen pa lang.
Anpil nan doktè regilye nou yo ap aksepte nouvo pasyan konnyè
a! Doktè nou yo pran pifò kalite asirans tankou Blue
Cross, Harvard Pilgrim ak Tufts. Si ou pa gen asirans sante, petèt
nou ka ede w. Silvouplè tcheke seksyon ki pale de kòman
pou peye pou swen sante a Paying For Health Care pou aprann plis
de chwa ou genyen.
|