|
SÈVIS MEDIKAL NOU YO
Swen pou Ka Ijan
Swen Regilye
Operasyon
Swen Gwosès
Espesyalis Medikal
Swen pou Zye
Swen pou Dan
Sante Mantal
Mamografi
Pwogram Tretman pou Moun ki Fimen
Swen pou Ka Ijan. Si w pran yon chòk
oubyen oubyen w gen yon gwo maladi , silvouplè rele 9-1-1.
Cambridge Health Alliance bay sèvis ijan 24 sou 24 nan 3
lopital nou yo , Cambridge Hospital, Somerville Hospital,
ak Whidden Hospital. Silvouplè klike sou non lopital
la pou jwenn yon kat ki bay direksyon pou ale nan chak lopital yo
Chak sal dijans lopital yo gen bon jan doktè ak enfimyè
nan tout lè. Nou bay Swen Ijan an Eksprès pandan lajounen
ak ta nan aprèmidi nan tou lè twa lopital yo. Nan
swen eksprès la, yo trete moun ki gen pwoblèm ak maladi
ki mwen grav, sa fè pasyan yo fè mwens tan ap tann.
Tou lè twa sal dijans yo gen entèprèt medikal
sou plas pou ede moun jwenn pi bon swen posib..
Tou lè twa sal dijans yo gen entèprèt medikal
sou plas pou ede moun jwenn pi bon swen posib.
Swen Regilye. Nan Cambridge Health
Alliance lan, nou kwè nan prevni pwoblèm sante, nenpòt
lè sa posib avan yo vin pi grav. Yon fason pou fè
sa se pou chwazi yon doktè regilye (PCP).
Yon "PCP" se yon doktè oubyen yon enfimyè
ki pratike medsin ki ka travay avèk ou a lon tèm pou
kenbe w an sante. Yon "PCP" ka fè tchekòp
pou ou, li ka kòmande tès pou ou pou l detekte nenpòt
pwoblèm sante, leplisouvan li ka fè tès pou
ou pou l wè si ou fè yon maladi avan ou santi ou malad.
Yon "PCP" ka voye w wè yon espesyalis tou lè
w bezwen swen nan men yon ekspè. Yo ka ede w kontwole maladi
kwonik (tankou opresyon, sik ak maladi kè).
Nou gen anpil doktè pou timoun, granmoun, granmoun aje ak
kèk doktè k ap pran swen tout fanmi an. Gen plis ke
40 nan doktè regilye nou yo ki pale 2 lang e anpil ladan
yo bay randevou nan menm jou ou bezwen l lan ak nan aprèmidi
nèt. Sa rann li pi fasil pou fanmi ki travay yo pou yo jwenn
swen sante, lè yo bezwen l. Klike la a pou jwenn yon doktè
regilye ki bon pou ou (lis doktè yo an Anglè sèlman).
Operasyon/Zo. Lè w chwazi
yon doktè operasyon pou oumenm oubyen pou yon moun ou renmen,
se pi bon an wap jwenn. Doktè operasyon nou yo gen eksperyans,
epi se lidè yo ye nan domèn sa a. Anpil ladan yo pwofesè
nan Lekòl Medsin Harvard ak nan pi bon lopital nan zòn
nan. Telefòne 617-665-2555 si w bezwen yon randevou pou operasyon
oubyen si w vle yon dezyèm opinion.
Nou fè anpil envestisman enpòtan nan teknoloji medikal
pou nou amelyore swen nou bay yo. Pami teknoloji medikal sa yo ou
jwenn, sal operasyon dènye modèl, nouvo teknoloji
nan afè radyografi tankou "MRI", Radyografi espesyal
sou konnpyoutè (CAT eskann) ki montre foto nan 3 dimansyon,
sonogram, mamografi dijital ak nouvo aparèy yo rele "C-arms"
pou nouvo sant endovaskilè (venn anndan) nou yo.
- Konnyè a nouvo ekip operasyon nou an gen konesans nan
domèn sa yo:
- Operasyon Jeneral, tankou nouvo teknik avanse kote yo bezwen
antre andedan moun mwens
- Operasyon nan Venn, pou tout maladi nan venn ak nan atè
- Operasyon nan Zòrèy, nan Nen ak nan Gòj
- Operasyon nan Zye, tankou operasyon avèk Laser pou Korije
Vizyon
- Operasyon Estetik, pou retire gwo mak ak pou amelyore aparans
ou
- Podyatri (pye), pou tout maladi pye
- Òtopedi (zo), pou tout doulè nan zo, nan jwenti
ak nan misk ak operasyon pou ranplase jwenti konplè
- Medsin Espòtif, pou tout chòk nan vyann pou ede
w santi w mye, kèlkeswa laj ou (Telefòne 617-665-2007)
Swen Gwosès. Fè
yon tibebe se yon moman espesyal - anplwaye Cambridge Health Alliance
vle pou oumenm ak fanmi ou fè pi bon jan eksperyans posib.
Nou fyè pou nou genyen yon Sant matènite tou nèf
nan Lopital Cambridge la ki pèmèt ou jwenn bon jan
swen nan akouchman ou. Nou genyen yon Bèl Sant Akouchman
ke Fanmsaj ak "Doula" nou yo (Fi espesyal ki la pou bay
moun sipò pandan akouchman) opere pou fi ki chwazi pou yo
fè kouch natirèl.
Pou swen avan akouchman, fi ka wè doktè nan Lopital
Cambridge la, Lopital Somerville la oubyen nan Sant Sante nou an
ki nan Revere a. Nou gen doktè Regilye nan plizyè
nan lokal nou yo ki gen fòmasyon nan swen gwosès.
Espesyalis Medikal. Espesyalis Medikal
se ekspè nan yon seri de chòk ak maladi ki afekte
yon pati byen detèmine nan kò a. Espesyalis medikal
yo travay nan tou lè twa lopital nou yo ak nan plizyè
nan sant sante kominotè nou yo tankou "Revere Family
Health center".
Ekip Espesyalis medikal nou an genyen ladan l:
- Kadyològ, ki ede detekte epi trete nenpòt pwoblèm
kè
- Andokrinològ, ki konprann pwoblèm Dyabèt
ak pwoblèm metabolis
- Gastwoantewològ, ki ede avèk pwoblèm nan
vant, asid ak lòt pwoblèm
- Geryatrik, ki ekspè nan maladi ki afekte granmoun aje
- Ekspè nan Maladi Enfektye, ki konprann viris ak enfeksyon
mikwòb bay
- Nefwològ, ki ekspè nan Maladi nan Ren (grenn vant)
- Newològ, ki ede moun ki gen nè ki domaje, maltèt
ak maladi byen espesifik ki bay kriz
- Nemològ - ki konprann maladi poumon tankou opresyon ak
anfizèm (maladi gwo poumon)
- Rimatològ - ki konprann pwoblèm nan zo ak nan
jwenti tankou doulè rimatis ak maladi kote zo yo vin frajil
epi yo kase fasil (osteopowoz)
Swen Zye. Sant zye Cambridge Health Alliance
lan fè tout kalite tès ak tretman pou zye. Nou gen
teknik soti depi nan fè linèt ak vèd kontak
rive jiska nan gwo operasyon pou katarat oubyen operasyon "LASIK"
pou Korije Vizyon. Jis telefòne noun an 617-665-1347.
Swen Dan. Konnyè a nou gen twa
klinik dan: yonn nan Cambridge, nan Windsor Street Health Center
a, yonn nan Assembly Square ak yonn nan Everett. Ekip dantis nou
yo ka ede w avèk tout bagay depi nan netwaye dan w, plonbe
dan w ak gwo travay nan dan w. Telefòne nou nan 617-665-3990.
Sante pou Pwoblèm Mantal. Si
oumenm oubyen yon moun ou konnen gen pwoblèm depresyon, pwoblèm
fè kòlè, abize tabak, alkòl oubyen dwòg,
oubyen pwoblèm nan relasyon oubyen lòt pwoblèm
konpòtman, Cambridge Health Alliance ka ede l. Nou gen pwogram
ki an sekirite epi ki konfidansyèl pou tout yon seri de pwoblèm
mantal.
Pou kesyon sou sèvis sante mantal an Pòtigè,
silvouplè telefòne: 617-665-3000
Pou kesyon sou sèvis sante mantal an Espayòl, silvouplè
telefòne: 617-665-3900
Pou kesyon sou sèvis sante mantal an Kreyòl Ayisyen,
silvouplè telefòne: 617-591-6380
Mamogram. Èske w se yon fi lè
w rive pou fè mammogram anyèl ou? Konnyè nou
gen randevou menm jou ou rele a pou Mamografi Dijital nan tou lè
twa lopital yo. Nou wè pasyan nan Sant pou afè Tete
nou an nan Cambridge ak nan Whidden (Cambridge Breast Center). Telefòne
nou nan 617-665-1298 pou pran yon randevou.
Klike la a pou plis enfòmasyon.
Pwogram Tretman pou moun kite fimen.
Ou ka kite fimen ak kite itilize tabak. Konseye nou yo bay yon Tretman
Bon Mache pou Kite Fimen pou Tout Vi w, yo bay tretman sa a endividyèlman,
an gwoup, pa telefòn epi yo bay tretman pou ranplase "nikotin".
Tout pasyan ak manb kominote a kalifye pou pwogram sa a. Yo bay
sèvis yo an Pòtigè oubyen an Espayòl
pou yon ti momen ($10 a $27 pa sesyon). Pou plis enfòmasyon,
silvouplè telefòne nou nan 617-591-6922.
|